R. Wi Granmèt, wi ou bon,
Wi Granmèt, ou se fòs mwen.
Wi Granmèt, wi ou bon.
Alelouya.
1. An n rele viv pou Granmèt la,
An nou chante jan n renmen Li.
Li geri nou, Li delivre n, Alelouya.
2. Kantik mwen ak fòs mwen nan Li.
Wi proteksyon m se Lespri Li.
Tè a plen avèk bèlte Li. Alelouya.
3. O wi, Granmèt, ou se fòs mwen.
Ou ki sovè m ak limyè mwen.
Tout konfyans mwen nan renmen ou. Alelouya.
4. Mèsi Granmèt pou Lespri ou,
Poutèt lagras ou met nan kè n.
Mési pou lavi n ou pwopte. Alelouya.
5. Bondye papa zansèt nou yo,
Jezi sovè lemonn antye,
Lespri dife, rivyè lajwa. Alelouya.
Tit orijinal (FR) : Oui, Seigneur, tu es bon
© 1980, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti