04-62-HT An n fè kè nou kontan toujou nan Bondye

An n fè kè nou kontan toujou nan Bondye

04-62-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 04-62-IT

R. An n fè kè nou kontan toujou nan Bondye.
An n di l mèsi tout tan, pou tout bagay.
Se sa Bondye vle pou nou nan Kris la.
Lwanj pou Bondye Granmèt nou an. Amen.

1. Bondye, ou merite vreman
Pou n fè lwanj ou toupatou.
Se pou nou chante, danse, ponpe :
Ou tande lapriyè n yo.

2. N ape vini jwenn ou Granmèt,
Avèk tout peche nou yo.
Men ou menm ou padonnen nou nèt.
Ou gen kè sansib pou nou.

3. Ala bon sa bon pou moun sa yo
Ki rete bò kote ou.
N ap plen vant nou ak tout bon bagay,
Ki sòti nan lakay ou.

4. Depi sou bò solèy leve,
Jouk sou bò solèy kouche,
Ou fè moun ap chante lwanj pou ou,
Poutèt kontan yo kontan.

Tit orijinal (FR) : Soyons toujours joyeux © 1980, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH