1. Tout moun ki rete sou latè,
Vini fè lwanj pou Granmèt la,
Fè fèt pou li sitèlman nou kontan,
Li pap janm sispann renmen nou !
R. Alelouya, Alelouya,
Alelouya, Alelouya.
2. Granmèt la, se Bondye n tout bon,
Nou tankou mouton devan li,
Se li ki fè n e se pou li nou ye,
Li pap janm sispann renmen nou !
3. An n ale kote Bondye ye,
Kote ki apa pou li.
An nou fè lwanj, an nou di li mèsi,
Li pap janm sispann renmen nou !
Tit orijinal (NL) : Alleluia. Juicht voor de Heer alle landen
© 1980, B.A.N.A Helmond, Prins Karelstraat 100, 5701 VM Helmond
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti