R. Alelouya, Alelouya,
Alelouya, Alelouya. (bis)
1. N ape fè lwanj pou ou, Granmèt,
Ou ki la depi tout tan.
Ou ki sèvi avèk gwo pouvwa w la
Pou w vin kòmande tout bagay.
2. Kounyea, Bondye vin sove n
Li fè n wè wayòm Kris la.
Sila ki te konn akize frè nou yo,
Yo mete l deyò nan syèl la.
3. Syèl ak tout moun ki ret ladan l,
Se pou n fè kè nou kontan,
Yo te genyen gras a san ti mouton an,
Avèk temwanyaj lavi yo.
4. N ape fè lwanj pou ou Papa,
N ape fè lwanj pou ou, Jezi,
N ape fè lwanj pou ou Lespri ki nan kè n,
Kounyea e pou tout tan. Amèn.
Tit orijinal (FR) : Alléluia, gloire et louange
© 1986, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti