1. An n fè lwanj Granmèt la pou jan l bon,
Li p ap janm sispann renmen n.
Se pou pèp Israyèl la menm di :
Li pap janm sispann renmen n.
R.
2. Nan tètchaje m, mwen rele ba li,
Granmèt la koute priyè m.
Granmèt la tou pre m pou l defann mwen,
Mwen pa pè lènmi mwen yo.
3. M ap fè lwanj Bondye, li se fòs mwen.
Se li menm ki delivre m.
Non, mwen pap mouri men fòk mwen viv,
Pou mwen di tout sa li fè.
4. Louvri pòt kay jistis la pou mwen,
Pou m antre, pou m di mèsi.
Isit la, se pòt lakay Bondye.
Se pou moun Bondye fè gras.
5. Wi, se pou Bondye n ap fè louanj.
Bondye, n ap di ou mèsi.
An n fè lwanj Granmèt la pou jan l bon,
Li pap janm sispann renmen n.
Tit orijinal (FR) : Alléluia, proclamez que le Seigneur est bon
© 1985, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti