1. Jezi Granmèt, wi ou byen la
Nan mòso pen sila a.
Nan losti sa a n ap adore w,
E n ap chante bèlte ou.
2. Ou ki Bondye, ou menm ki Wa,
Ou ba nou tout bagay.
Ou se Kris la, w se mouton an
Ki vèse san li sou kwa.
3. Lè w t ap soufri, ou t ap pote
Chak grenn peche nou yo.
San w ki koule a te rachte n,
E li te lave nou.
4. Sen Jan te wè san avèk dlo
Koule sot bò kòt ou.
Lè sa a w ba nou Lespri ou a,
Tankou yon gwo larivyè.
5. Nou met lafwa n nan viktwa w la,
Lè w leve byen vivan.
Nou kwè n a viv nan bèlte ou
E nan renmen w pou tout tan.
Tit orijinal (FR) : Seigneur Jésus, tu es présent (A)
© 1985, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti