R. Granmèt, se ou menm sèl ki fòs mwen,
Ou sove m, ou vin delivre m.
Sèl gwo wòch mwen, sitadèl mwen,
Se ou Bondye.
1. Se anba zèl ou mwen vle rete,
Se ou sèl ki tout defans mwen.
Ou delivre m anba lènmi m yo.
Lwanj pou ou Granmèt pou tout tan !
2. Ou tande vwa mwen lè mwen rele w,
Ou lonje men ou, ou pran mwen,
Ou wete m nan tètchaje m te ye.
Poutèt ou renmen m, ou sove m.
3. Wi, se ou Granmèt ki limyè mwen,
Se ou menm kap klere fènwa m.
Se ou menm kap toujou Bondye m nan.
Mwen vle chante non w tout lavi m.
4. Ki moun ki fòs mwen, si se pa ou ?
Wi, se ou menm menm Bondye m nan.
Ou ba mwen kont fòs pou batay la.
Viv pou ou Granmèt pou tout tan !
Tit orijinal (FR) : Seigneur, tu es ma force
© 1987, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti