09-25-HT Jezi, w se chimen an

Jezi, w se chimen an

09-25-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 09-25-EN

R. Jezi, w se chimen an
Ki mennen nou bò kot Papa a
Ou menm sèl se laverite,
Ou se lavi.

1. Nou pa janm wè yon moun ki pale tankou ou.
Pèsonn pa kapab fè sa ou te konn fè yo.
Bondye avèk ou.

2. Janbatis te di nou : “Men mouton Bondye a !”
Nan Jezi nou ka jwenn tout favè Bondye n nan.
Vini non, n a wè !

3. Tout moun ki kwè nan ou ap gen lavi tout tan.
Sila yo k ap swiv ou pap mache nan fènwa,
Men nan limyè w la.

4. Moun ki pa pran kwa li, pap ka mache dèyè m,
Men sila a ki pèdi lavi l li va sove l.
Mache nan wout mwen !

5. Yon rivyè dlo lavi ap koule sòt nan kè w.
An n louvri kè n byen laj pou n resevwa Lespri
Pou n viv nan renmen.

Tit orijinal (FR) : Jésus est le chemin © 1989, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH