R. Bondye ba nou Lespri Sen an,
Li fè n tounen pwòp pitit li,
Li rele n pou n vin lib tout bon.
Lwanj pou Bondye pou jan li bon !
1. Se pa pouvwa Lespri Sen an,
Li kreye nou pou n vin tounen
Pitit limyè ak sèl latè,
Pou nou simaye renmen li.
2. Bondye te fè n daprè potre l
Pou n kab renmen jan l renmen nou.
Lè n viv nan renmen li tout bon,
Se lè sa a nou sanble avè l.
3. Lè n batize, Bondye Papa
Adopte nou kòm pitit li.
An nou kite ak tout kè nou
Lespri li dirije lavi n.
4. Fòk nou pa pè pou nou vin sen
Paske Bondye tèlman renmen n.
Fèmen tout pòt dekourajman.
An n chwazi akèyi lapè.
5. Manman Mari kanpe avè n,
L ap soutni nou, l ap montre nou
Ki jan pou n viv nan Lespri Sen
Poutèt li te konn viv avè l.
Tit orijinal (FR) : L’Esprit Saint qui nous est donné
© 1991, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti