R. Men Granmèt nou an,
L ap janbe mòn yo,
L ap kouri vin jwenn nou.
Wi se Granmèt nou an ! (bis)
1. Vini non Granmèt,
Ou se wa m, mwen renmen w.
Antre nan jaden
Ou kap boujonnen ankò.
Se pou mwen chante
Dèske w vin lakay mwen.
Mwen fou pou ou tout bon,
Granmèt mwen, Bondye mwen.
2. Jezi, m ta renmen
Vin nan gran fèt ou a
Pou m bwè diven
Ak lèt ak siwo myèl pa w la.
Mwen vin fè w kado
Lansan avèk pafen.
Mwen ta renmen fè
Kè Bondye mwen an kontan.
3. Vini, an n tounen
Lakay Bondye nou an
Li gen pou l geri nou,
Pou l konsole nou nèt.
An n kouri ale nan
Maryaj mouton an.
Men mesye marye a :
Wi se Granmèt nou an.
Tit orijinal (FR) : Voici le Seigneur
© 1993, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti