R. Granmèt, ou sove n, alelouya.
Ou ba n libète, alelouya.
Nou chante lwanj ou, alelouya.
Nou beni non ou, alelouya.
1. Limyè w la kraze fènwa,
Ou geri maleng nou yo.
Ou fè chagrenn n yo tounen
Kè kontan pou tout tan.
2. Kwa ou a delivre nou,
Anba lanmò ak peche.
Jezi, se ou ki sove n,
N ap rele viv pou ou.
3. Ou ba nou Lespri ou a
Pou n ka gen lavi nan ou.
Li voye nou jodi a,
Pou nou di sa ou fè.
Tit orijinal (DE) : Du hast mich erlöst, Halleluja
© 1997, Gemeinschaft Emmanuel, Kolbergstraße 4, 84503 Altötting
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti