1. O Granmèt, pitye pou nou,
O Granmèt, pitye pou nou,
O pitye pou nou.
2. O Jezi, pitye pou nou,
O Jezi, pitye pou nou,
O pitye pou nou.
3. O Granmèt, pitye pou nou,
O Granmèt, pitye pou nou,
O pitye pou nou.
Alelouya, alelouya,
Alelouya, alelouya !
Alelouya, alelouya,
N’ap louwe ou Jezi Granmèt !
Sen, sen, sen, Granmèt se ou ki sen !
Ou menm Bondye k mèt toupatou ! (bis)
Syèl la avèk tè a
Chaje avèk bèlte ou.
Ozana anwo nan syèl la,
Ozana anwo nan syèl la !
Se pou nou beni Sila
K ap vin o non Granmèt la.
Ozana anwo nan syèl la,
Ozana anwo nan syèl la !
Lwanj pou ou ki te mouri,
Lwanj pou ou ki byen vivan,
Ou se Bondye, ou se sovè n,
Vini non Granmèt !
4. Ou menm mouton Bondye,
Ki wete peche sou tè a,
Tanpri pitye pou nou,
Tanpri pitye pou nou.
5. Ou menm mouton Bondye,
Ki wete peche sou tè a,
Tanpri pitye pou nou,
Tanpri pitye pou nou.
6. Ou menm mouton Bondye,
Ki wete peche sou tè a,
Vin fè kè nou poze,
Vin fè kè nou poze.
Tit orijinal (FR) : Messe de Saint Paul
© 2000, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti