R. Se pou tout kretyen vivan chante bèlte Bondye n nan,
Tout kote sou latè
Se nan yon sèl kè kontan syèl la avèk tè a chante :
Lwanj pou ou Bondye !
1. Pou lanmou pechè yo
Limyè a te parèt
Li te vini chanje
Kè moun yo ki te akeyi l.
2. Nou te ret nan fènwa.
Kounyea n ap danse.
Bondye te tounen moun
Pou l ba nou lavi l nan lanmou.
3. An n fè kè nou kontan,
An n di jan Bondye bon.
Jezi se viktwa nou,
Li se rezirèksyon pa nou.
4. An nou louvri kè nou,
Kite Bondye chase,
Tout tristès lavi nou.
L ap ba n kè kontan pou tout tan.
5. Voye Lespri renmen
Vin komande nan kè n.
Nou vle viv avèk ou.
Vini non, Granmèt, n ap tann ou.
Tit orijinal (FR) : Qu’exulte tout l’univers
© 2000, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti