1. Granp maten wòch la te woule.
Sou latè yon jou tou nèf te parèt.
Kiyès n ap chache pami mò yo ?
Leve je n, gade epi ou mèt kwè.
R. Jezi leve vivan !
Alelouya Bondye ba li glwa l.
Kris la leve vivan !
Alelouya wi li sove nou.
2. Je nou te wè e rekonèt,
Granmèt nou JeziKri nou renmen an.
Nan li, renmen pot laviktwa.
Pou toutan Papa a ape fè lwanj li.
3. Syèl ak tè chante kè kontan.
Linivè ape fè lwanj Wa li a.
Lanmò l te kraze lanmò nou.
Jou gwo fèt kè kontan. Alelouya !
Tit orijinal (FR) : Au matin, la pierre est roulée
© 2003, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti