R. Fè kè n kontan, nou menm ki gen kè senp
Nou menm pitit Bondye renmen anpil
Louvri je nou men wayòm nan rive,
Men sovè n nan ap vini.
1. M ape beni non Granmèt la toutan.
Epi nanm mwen kontan nan Bondye m nan.
Se pou fèb yo koute, gen kè kontan,
Paske yo va wè Bondye.
2. Vini chante, bay Granmèt la tout glwa.
Lè mwen rele l, li toujou reponn mwen.
Li delivre mwen anba laperèz.
Non li ki gran gen puisans.
3. Vire je nou, gade Bondye nou an.
L ap tranfòme n avèk limyè li a.
Yon pòv rele, Granmèt la reponn li.
Gade jan Granmèt la bon.
4. Se chans pou moun k ret anba zèl Bondye
Moun ki chwazi l pap janm manke anyen.
Se pou n koute l epi chache lapè.
Ak li fè tout sa ki byen.
Tit orijinal (FR) : Criez de joie, pauvres de cœur
© 2003, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti