Mari, jodia, devan tout sen nan syèl la,
Nou chwazi ou pou manman nou,
Pou ou dirije lavi nou.
Nou konsidere nou kòm esklav ou.
Nou remèt nan men ou, tankou yon bagay ki sakre,
Ni kò nou, ni nanm nou,
Ni byen nou genyen anndan nou, ni sa n genyen déyò nou,
Ni valè sa n fè ki bon,
Lontan, kounyea, pou tout tan.
Nou ba ou tout dwa
Pou ou fè sa ou vle avè n,
Ak tou sa n genyen,
San wete anyen, jan sa fè ou plezi.
Ou a fè sa sèvi pou pi bèl lwanj Bondye,
Nan tan n ap viv la ak tan ki pap fini an.