R. Alelouya, Alelouya,
Alelouya, Alelouya ! (bis)
1. An n rele viv Bondye Granmèt la,
Bondye ki lavi, se pou li Wa nan kè n.
An n louvri je n, men wayòm li a,
Jezi ap rele nou.
2. Li te vin ba nou limyè li a,
Ba nou lavi li, montre n ki jan l renmen n.
Kris la se wa pou tout tan gen tan.
Li pote laviktwa.
3. Li voye nou sou tout fas tè a
Simaye lajwa, pibliye Levanjil.
An n pibliye non li toupatou.
Li sove pèp li a.
Tit orijinal (FR) : Alléluia, Jésus Sauveur
© 1990, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti