1. An n louwe Bondye ak kè kontan.
An n fè lwanj pou Granmèt nou an.
Se Li ki Wa nan tout bèlte l,
L ap kòmande tout bagay.
R. Alelouya, wi Granmèt la wa,
Alelouya, se li k genyen,
Alelouya, wi Granmèt la wa,
An n louwe Bondye. Amen.
2. Men lè a rive pou nou fete
Maryaj ti mouton Bondye a.
Nou mèt fè kè n kontan anpil.
Vini non nan bèl fèt sa a.
3. Nou tout ki la, li envite n
Li rele n pataje glwa li.
An n adore l nan tèt ansanm
Jodia e pou toutan.
Tit orijinal (NL) : Laat ons blij zijn en juichen
© 1988, Gemeenschap Emmanuel Nederland, Postbus 5504, 6202 XA Maastricht
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti