13-34-HT An n fè lwanj pou Granmèt la

An n fè lwanj pou Granmèt la

13-34-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 13-34-EN

R. An n fè lwanj pou Granmèt la
Pou tout mèvèy li fè.
Li vin abite nan mitan nou
Jodia e pou tout tan.

1. Konpliman pou Bondye,
Paske l gen tout pouvwa.
Se li ki kreye nou
E ki ban nou lavi.

2. An n rele bay Bondye,
An n mande li sekou l.
Se li ki sove nou,
Ki vin delivre nou.

3. Wi, Granmèt la renmen n,
Li bay tèt li pou nou.
Lè n viv nan renmen li,
Kè n ap toujou kontan.

4. Bondye voye Lespri l
Pou l ba nou pwòp vi pa l.
Se li k ap gide nou,
E k ap fè nou vin sen.

5. Lwanj pou Bondye Papa,
Lwanj pou Pitit la tou,
Lwanj pou Lespri Sen an,
Pou tout tan ki gen tan.

Tit orijinal (FR) : Rendons gloire à notre Dieu © 1998, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH