13-05-HT Bravo pou ou Bondye, Papa

Bravo pou ou Bondye, Papa

13-05-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 13-05-RO

R. Bravo pou ou Bondye, Papa Jezi sovè n,
Pa pouvwa pitit sa, ou ba nou tout bagay.
Ala gran wi sa gran renmen w genyen pou nou,
Ki fè kounyea yo rele n pitit Bondye.

1. Ou ki sen, ou k Bondye tout bon,
Ou te la anvan tout bagay.
Ou k limyè, ou klere pi fò
Pase solèy la pou tout tan gen tan.

2. Ou ki gran, ou ki sous lavi,
Ou te fè moun sanble avè w.
Ou te ba n tout sa k sou latè
Pou n kòmande yo nan fè sèvis ou.

3. Wi, Bondye w tèlman renmen nou,
Ou bay sèl grenn pitit ou a.
Li te vin tounen moun tankou n,
Pa pou l kondane n, men pou l sove nou.

4. Pou lavi n pou ou tout bon vre,
Ou voye Lespri ou sou nou.
Lespri sa a ap fè nou vin sen
Pou nou kapab viv yon jou nan bèlte w.

5. Nou te lwen w poutèt peche n yo,
Men ou te toujou ret fidèl.
Ou te vin pran n nan bafon n yo,
Sitèlman ou bon, sitèlman w renmen n.

Tit orijinal (FR) : Appelés enfants de Dieu © 1999, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH