13-14-HT Chante lajwa nou

Chante lajwa nou

13-14-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 13-14-RO

R. Chante lajwa nou, tout moun nan linivè.
Jibile, rele viv Wa nou an.
Chante lajwa nou, Bondye te tounen moun.
Jibile, chante Alelouya.

1. Lè tout bagay fin rive,
Bondye poze je li sou Mari.
Pase pou li montre fòs li a,
Li fè l tounen yon timoun.

2. Bondye pèsonn pa t janm wè l,
Nan pitit li, Jezi, li fè n wè l.
Li montre nou ki jan l gen bon kè,
Nan Jezi li renmen an.

3. Pou nou kapab jwenn lagras,
Pou sa ki te pèdi ka sove,
Pou te kab gen lapè sou tè a,
Jezi te vin tounen moun.

4. Jezikri toujou menm jan
Ni ayè, ni jodi, ni demen
Li se Lemaniyèl tout bon vre,
Bondye avè n pou tout tan.

Tit orijinal (FR) : Exultez de joie, peuples de l’univers © 1999, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH