R. Danse, danse, danse pou Bondye,
Danse, danse pou Granmèt la. (bis)
1. Tankou David devan Lach Bondye,
Danse pou Granmèt la.
Wayòm Bondye te pwomèt nou an,
Deja nan mitan nou.
2. Tankou Mari kay Elizabèt,
Nanm mwen plen ak lajwa,
Paske Bondye ap viv nan mwen,
Chante Alelouya.
3. Tankou gadyen yo nan Bètleyèm,
An n fè lwanj pou Bondye.
Nou te tande e nou te wè
Mèvèy Granmèt la fè.
Tit orijinal (FR) : Danse de joie
© 1982, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti