1. Jezi, pitit Bondye,
Vini nan mitan nou
Pou sove tout moun sou latè
Li mouri sou lakwa.
R. Alelouya, alelouya, alelouya, Emanyèl.
Alelouya, alelouya, alelouya, Emanyèl.
2. Poukisa n ap chèche
Sila ki byen vivan ?
Se pa pouvoua Lespri Sen an,
Li sòti nan lanmò.
3. Jezi delivre nou
Anba peche nou yo,
Pinga tounen esklav ankò,
Nou se pitit Bondye.
4. Jezikri te genyen
Laviktwa pou tout tan.
Nou pa ta dwe janm pè ankò,
Jezi se lavi nou.
Tit orijinal (FR) : Jésus, le Fils de Dieu
© 1984, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti