11-34-HT N ap lwanje w Granmèt

N ap lwanje w Granmèt

11-34-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 11-34-RO

R. N ap lwanje w Granmèt, Ou ki fè tout bagay,
Ou menm ki beni nou,
Ou menm ki ba n lavi kòm kado.

1. Ou ba n tout frui ki sou tè a,
Ou ba n yon lanmè plen pwason,
Ou ba n tout zwazo ki nan syèl,
N ap fè lwanj ou pou w jan ou bon.

2. Ou ba n dlo, ou ba nou dife,
Ou ba n lajounen, w ba n lannwit,
Ou ba n lawouze, w ba n solèy,
N ap fè lwanj ou pou w jan ou bon.

3. Ou ba nou ni syèl ni latè,
Ou ba nou lagras kè kontan,
Ou ba nou dife Lespri a,
N ap fè lwanj ou pou w jan ou bon.

4. N ap lwanje w pou tout sa ou fè,
N ap lwanje w pou tout sa nou ye,
N ap lwanje w pou tout tan gen tan,
N ap fè lwanj ou pou w jan ou bon.

5. N ap chante pou nou fè lwanj ou,
N ap danse pou nou fè lwanj ou,
N ap leve men n pou n fè lwanj ou,
N ap fè lwanj ou pou w jan ou bon.

Tit orijinal (FR) : Louez la bonté du Seigneur © 1994, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH