R. Pyisans ak laglwa, se pou ou,
Onè ak grandè, se pou ou,
Konpliman, se pou ou,
Bondye, pou tout tan.
1. Ou se mouton Bondye (bis)
Ki bay tèt li pou nou, (bis)
Ou te vèse san ou (bis)
Pou sove nou.
2. Bondye, te leve ou, (bis)
Li te ba ou yon non (bis)
Ki anlè tout non yo (bis)
Jezi sovè.
3. Sou latè ak nan syèl, (bis)
Tout moun koube byen ba, (bis)
Tout bouch pral pibliye (bis)
Ou se Granmèt.
Tit orijinal (FR) : À toi, puissance et gloire
© 1995, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti