14-38-HT Se pou tout kretyen vivan

Se pou tout kretyen vivan

14-38-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 14-38-CS

R. Se pou tout kretyen vivan chante bèlte Bondye n nan,
Tout kote sou latè
Se nan yon sèl kè kontan syèl la avèk tè a chante :
Lwanj pou ou Bondye !

1. Pou lanmou pechè yo
Limyè a te parèt
Li te vini chanje
Kè moun yo ki te akeyi l.

2. Nou te ret nan fènwa.
Kounyea n ap danse.
Bondye te tounen moun
Pou l ba nou lavi l nan lanmou.

3. An n fè kè nou kontan,
An n di jan Bondye bon.
Jezi se viktwa nou,
Li se rezirèksyon pa nou.

4. An nou louvri kè nou,
Kite Bondye chase,
Tout tristès lavi nou.
L ap ba n kè kontan pou tout tan.

5. Voye Lespri renmen
Vin komande nan kè n.
Nou vle viv avèk ou.
Vini non, Granmèt, n ap tann ou.

Tit orijinal (FR) : Qu’exulte tout l’univers © 2000, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH