R. Wi li bon pou n chante,
Pou nou fè lwanj pou Bondye nou an
Alelou, Alelou, Alelouya, Alelouya.
1. Li vin konsole kè ki blese yo,
Li panse maleng yo.
Bondye gen tout pouvwa, li fò anpil.
Laviktwa, se pou li.
2. Fè Granmèt la kado mèsi ou yo
Avèk tout bèl mizik.
Ansanm, an n glorifye non li ki sen,
Pou tout tan ki gen tan.
3. Li pral danse pou ou, Jerisalèm
Ak anpil kè kontan.
Gade ! Men Granmèt ou nan mitan ou.
Se Wa w ak Bondye w la.
4. Mwen vle chante pou ou tout tan m ap viv
Paske louanj lan dous.
Mwen vle pase tout vi m ap jwe mizik
Pou Bondye ak tout kè m.
5. Sonnen pou Granmèt nou, tout senbal yo,
Senbal ki fè gwo bwi.
Se pou tout sa k ap viv fè lwanj Bondye.
Alelouya.
Tit orijinal (FR) : Il est bon de chanter
© 1992, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti