R. Lwanj pou ou Granmèt ki bay tout kè kontan !
Lwanj pou non ou ki sen tout bon !
Lwanj pou ou Granmèt ou menm ki Wa tout wa.
Amèn, Alelouya !
1. Granmèt la se limyè mwen, delivrans mwen,
Granmèt la, se ranpa lavi mwen.
M ape viv anndan lakay Granmèt la,
Kounyeya e pou toutan.
2. Se pou kè mwen ak nanm mwen chante pou ou.
Granmèt ou pa kapab kite m peri.
Ou va aprann mwen chemen lavi a.
Nan yon pakèt kè kontan.
3. Tout pèp k ap viv sou latè fè lwanj Bondye.
Fè tout nasyon konnen verite a.
Chans pou moun ki gen konfyans nan Bondye.
Lanmou li pap janm fini.
Tit orijinal (FR) : Gloire à toi, source de toute joie
© 2003, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti