R. Fè kè n kontan, Jezi leve vivan.
Wi li leve jan li te pwomèt la.
Alelouya, Kris la leve vivan.
Epi li ban n lavi.
1. Nan mitan fènwa nou yo,
Jezi limyè nou klere.
Lavi genyen laviktwa,
Kris leve vivan.
2. Tout zanj nan syèl fè lwanj li.
Fè kè nou kontan pou li
Tout sa k ap viv fè lwanj li.
Kris leve vivan.
3. Fè lwanj pou li pou jan l gran.
Pou sove li sove n nan.
Lwanj pou li toutan gentan.
Kris leve vivan.
4. Akeyi li nan kè ou,
Mouton Bondye k sove nou.
Li se chemen, l se lavi.
Kris leve vivan.
Tit orijinal (NL) : Jubel en juich
© 2000, Gemeenschap Emmanuel Nederland, Postbus 5504, 6202 XA Maastricht
Tradiksyon : © 2020, Kominote Emanyèl, Ayiti