R. Onè, puisans avèk tout glwa
Pou Bondye k twa sen.
Se pou tout lang ki sou tè a
Chante pou li ki Wa.
1. Fè lwanj Granmèt la
Nan tanp ki apa pou Li a
Fè lwanj Granmèt la
Pou tout pouvwa li genyen.
Fè lwanj Granmèt la
Pou sa l fè ak fòs ponyèt Li.
Fè lwanj Granmèt la
Pou jan l gran, jan li puisan.
2. Fè lwanj Granmèt la
Jwe mizik pou li ak twonpèt.
Fè lwanj Granmèt la
Ak tout enstriman a kòd,
Fè lwanj Granmèt la
Ak enstriman ki jwe a van,
Fè lwanj Granmèt la
Nan danse, frape tanbou.
3. Fè lwanj Granmèt la
Jwe mizik pou Li sou senbal,
Fè lwanj Granmèt la
Sou senbal ki fè gwo bri.
Tout sa k egziste,
Ki genyen souf lavi Bondye,
Chante lwanj pou Li,
Bat bravo. Alelouya !
Tit orijinal (FR) : Honneur, puissance et gloire
© 2001, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti