01-43-HT N ape di w mèsi

N ape di w mèsi

01-43-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 01-43-EN

R. N ape di ou mèsi
Pou jan w sansib pou nou,
Kè w yo te pèse a,
Ba nou dlo lavi a.
N ape fè w konpliman
Pou tout mèvèy sa yo.
Ou ba nou lavi, ou ba nou Lespri.

1. Bondye se ou k Bondye m, se ou m ape chèche,
Se tout kò mwen k ap mande pou ou.
Renmen w gen pou nou an pi bon pase lavi.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

2. Lè lide mwen sou ou, lè mwen konte sou ou,
Lè m rele ba ou, ou toujou koute m.
Lè sa a m kontan anpil, kè m poze kote ou.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

3. Lè m ape chèche ou, ou pèmèt mwen jwenn ou.
Mwen vle renmen ou dirije lavi m.
Mwen tankou yon tè sèk k ap plede tann lapli.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

4. M ape ouvri bouch mwen pou m chante san rete.
Tout tan m ap viv, m ap fè lwanj pou ou.
Mwen vle leve men mwen, o Granmèt, nan non ou.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

Tit orijinal (FR) : Nous te rendons grâce © 1976, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH