08-37-HT O Granmèt, men mwen

O Granmèt, men mwen

08-37-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 08-37-SL

R. O Granmèt, men mwen,
Mwen vin fè volonte ou.
Mwen swete pou sa
Rive m jan ou di a.

1. Avèk tout kè m, m ap di ou mèsi,
Ou te tande rèl mwen
Lè m t ape lapriyè.
Se pou ou m ap chante ak zanj yo.

2. M ap di w mèsi pou jan ou renmen m.
Lè mwen bò kote ou,
Mwen kontan anpil.
Chak fwa m ap lapriyè, ou koute m.

3. M ap di w mèsi poutèt kontra w la,
Ou pap janm lage m
Menm lè m nan tètchaje.
O Bondye, ou pap janm sispann renmen m.

4. M ap di w mèsi, ou k pou laviktwa.
Y ap chante non ou,
Tout pèp ki sou latè :
« O Granmèt, ala gran wi ou gran ! »

Tit orijinal (FR) : Me voici, Seigneur © 1987, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH