15-41-HT O Maria

O Maria

15-41-HT

ht

CHANT PRINCIPAL : 15-41-PL

R. O Maria,
Ou se manman Granmèt la,
Lè ou te di : « Wi »
Bondye n nan te vin moun,
Jezi sovè.

1. Zanj lan vizite w,
Li anonse w JeziKri ki pral fèt
Se Bondye li menm
Ki vini jwenn pèp li a.
Pyisans anwo a Lespri Sen
An desann sou ou Mari.
Pitit ou, Emaniyèl,
Se Bondye k vin moun.

2. Prezans ou Mari bò kote nou,
Soutni jefò nou yo.
Se nan ou Bondye nou
An montre pyisans li.
Ou te kwè epi w di nou
Bondye kapab fè tout bagay.
Wi gras li nan nou,
Pi plis pase feblès nou yo.

3. Jodia, avèk Mari, o Granmèt
N ap mande w souple.
Voye Lespri ou,
Koute lapriyè nou yo.
Delivre n ak laperèz nou yo,
N a va chante non ou.
Ou kab transfòme tout
Bagay ak pyisans ou.

Tit orijinal (EN) : O Maria, you’re the mother © 2001, M. Wittal Tradiksyon : © 2020, Kominote Emanyèl, Ayiti

Tons de Psaume - Sol Majeur

99-99-04-FR

Tons de Psaume - Rém

99-99-03-FR

Tons de Psaume - Lam

99-99-02-FR

Tons de Psaume - Do Majeur

99-99-01-FR

Tons de Psaume

99-99-FR

弥撒程序 - 礼成仪式

99-98-08-ZH