COTE IEV: 01-37-HT
Pawòl ak mizik : Sœur L. Martens
R. Kounyea Granmèt,
Ou mèt kite mwen ale ak kè poze.
Kounyeya Granmèt,
Ou mèt kite mwen repoze.
1. Ou mèt kite sèvitè ou la ale
Avèk kè poze jan w te di a,
Paske m wè ak je m delivrans ou voye a,
Ou prepare l devan pèp yo.
2. Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo wè,
Se yon lwanj pou pèp Israyèl.
Konpliman pou Papa a, konpliman pou Pitit la,
Konpliman pou Lespri Sen an.
Tit orijinal (FR) : Maintenant, Seigneur
© 1977, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard de Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti
Pour être avertis de la mise en ligne de ce produit vous devez être authentifié. Je me connecte