COTE IEV: 01-17-HT
Pawòl ak mizik : N.-A. Chefneux
R. Wi li vivan !
Wi li vivan !
Sa gen de mil ane
L Te mouri pou nou. (bis)
1. Ak zanj lan devan tonb lan,
Avèk Mari k nan lapenn,
Disip Emayis yo
K te jwenn konsolasyon.
Avèk 12 pot yo
Lespri Sen te chanje
Mwen vle chante, chante laverite.
2. Pou m anonse sou tout tè a,
Renmen Bondye a ki bon.
Pou m di tout moun
Reny Bondye a rive (tou pre)
Epi yon gwo lagras
Kè kontan ap tann yo.
Mwen vle chante, chante laverite.
3. Se pou Jezi k leve vivan,
Nou vle chante jodia.
Nou te grangou, n te swaf.
Li ban n manje, l ban n bwè.
Pou moun ki pa vle kwè
Nan renmen jodia.
Mwen vle chante, chante laverite.
Tit orijinal (FR) : Il est vivant
© 1972, N.-A. Chefneux, 101 avenue Fleming, 69300 Caluire
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti
Pour être avertis de la mise en ligne de ce produit vous devez être authentifié. Je me connecte