COTE IEV: 01-43-HT

N ape di w mèsi [PARTIEV]

Pawòl ak mizik : C.-E. Hauguel

R. N ape di ou mèsi
Pou jan w sansib pou nou,
Kè w yo te pèse a,
Ba nou dlo lavi a.
N ape fè w konpliman
Pou tout mèvèy sa yo.
Ou ba nou lavi, ou ba nou Lespri.

1. Bondye se ou k Bondye m, se ou m ape chèche,
Se tout kò mwen k ap mande pou ou.
Renmen w gen pou nou an pi bon pase lavi.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

2. Lè lide mwen sou ou, lè mwen konte sou ou,
Lè m rele ba ou, ou toujou koute m.
Lè sa a m kontan anpil, kè m poze kote ou.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

3. Lè m ape chèche ou, ou pèmèt mwen jwenn ou.
Mwen vle renmen ou dirije lavi m.
Mwen tankou yon tè sèk k ap plede tann lapli.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

4. M ape ouvri bouch mwen pou m chante san rete.
Tout tan m ap viv, m ap fè lwanj pou ou.
Mwen vle leve men mwen, o Granmèt, nan non ou.
Jan m anvi wè w ! M ape tann ou !

Tit orijinal (FR) : Nous te rendons grâce
© 1976, Éditions de l’Emmanuel, 89 boulevard Blanqui, 75013 Paris
Tradiksyon : © Kominote Emanyèl, Ayiti

CE PRODUIT N'EST PAS ENCORE DISPONIBLE

Pour être avertis de la mise en ligne de ce produit vous devez être authentifié. Je me connecte

Apprendre ce chant
Voix au piano (MIDI)COUPLET/REFRAIN
SOPRANE
ALTO
TENOR
BASSE

Ecouter sur les plateformes